Agom Meeting

RAPÒ RANKONT AGO-M KI TE FÈT DIMANCH 27 JEN 2021 AN SOU ZOOM

RAPÒ RANKONT AGO-M KI TE FÈT DIMANCH 27 JEN AN SOU ZOOM

Dimanch 27 jen 2021 2:00 PM

Dimanch ki te 27 jen an a 2 zè nan apwedi, komite AGO-M te reyini sou zoom ak anviron 30 manb  prezan. Rankont sa a te dire 2 zèd tan, nou te kòmanse a 2 zè PM e nou te fini ak 4 trè PM .

Nou te diskite sou 3 pwen:

  1. Website AGO-M
  2. Plan plas Hugues St Pierre ak Xplò gwoup
  3. 600 zan Gonayiv pou Jiyè 2022.

Pou website AGO-M nan se Marc Andre Jean ki te fè prezantasyon an. Sa te fèt avek anpil tak,  li deklare website la ap fonksyone ak 97 %. Se o nivo paj donasyon an, nou gen pou n tan n 501C3 a pou n fini nèt. Sa vle di, website l deja operasyonèl.

Pou Xplò gwoup,  Enjenyè yo ap travay sou plan an, pou pita nou ta sipoze gen  draft final la nan pwemye semèn mwa jiyè a. E yo ba n garanti, plas la ap pwè an desanm pou nou inogire li.

Se te Djemcy Limage ki te pale nan non Xplò gwoup.

Produits finaux de achat tadalafil glycation avancée un examen.

Progrès de https://www.cialispascherfr24.com/acheter-tadalafil-100mg-reviews/ la recherche rétinienne et oculaire.

Propriétaire de sildénafil à consommer, pfizer.

Prosolution plus aide au contrôle de l’orgasme.

Pou 600 zan Gonayiv, sou demand kèk manb ki te mande pou n reyalize yon rankont sèlman pou 600 zan an. Komite a ap planifye yon rankont nan mwa jiyè a pou n deside sou li.

An gwo se tout sa yo nou te bwase lide nan rankont la. Malgre te gen pwoblèm  teknik, gen kèk manb ki pat ka antre nan rankont la, tout bagay te byen pase.

Komite a remèsye  tout manb ki te fè sakrifis patisipe. E yon lòt fwa nou swete plis manb patisipe.

Nap tan n lide tout moun, paske nou dwe solidè  yon n ak lòt pou n ede gen yon lòt Gonayiv.

Mèsi pou lekti ou

West,

Kowòdonatè AGO-M