ASANBLE JENERAL AGO-M SAMDI 17 DESANM  2022

Samdi 17 desanm lan, jan sa te anonse, se te Asanble Jeneral AGOM nan. Se yon reyinyon ki te dire prè de 6è d’tan, yo ti tan anplis ke jan sa te prevwa men pa rapo ak jan sa te dewoule, nou estime ke se pat pou granmesi.  Se te yon long rankont men vrèman pwodiktif pou AGOM. Karannsèt (47) moun te reponn prezan sou zoom lan pou patisipe nan rankont anyèl sa ki te divize an 2 pati.

PATI 1,

Apre moderatè jounen, Sekretè adjwen MERCEDAT GUIVAL, te fin fè lekti ajanda ak modalite asanble jeneral la, Kowodonatris la, Jn Baptiste A. Nirva  te di mo byenvini ak tout manm ki te prezan e anonse lansman deba yo.

Kowodonatè a, Wilbert Estiverne, te fè yon bref rapèl sou AGOM. Ki kote nou soti, kibo nou ye e li te pwofite etale tout sa ke nou genyen kom pwojè kap vini pandan li tap fè bilan ane ki sot pase a. Yon bilan ki paret tre pozitif si nap konsidere sa AGOM gentan reyalize pou vil Gonayiv e menm gentan lanse 2em gran pwojè nou. Nan fason pa’l, li te ensite e ankouraje tout manm AGOM peye kotizasyon anyèl la ki se $60 pou pèmèt ke asosyasyon an reponn ak egzijans li yo. Yon lot kote, li te felisite komite pwojè a pou bèl travay ke yo reyalize sitou nan 2em pwojè ki pral egzekite a men lonje dwèt sou komite konsiltatif la ki pa vreman reponn a 100% malgre ke se anpil moun ki renmen Gonayiv. Li te pwofite fè konnen ke komite Ayiti a trè dinamik sitou ke se de moun ki gen bon karaktè ak bon repitasyon ki ladann. Se te yon chwa de komite egzekitif la selon atik 13 stati AGOM nan.

12H35- 1H00

Sekretè jeneral la, Djemcy Limage,  te prezante Eta finansye oganizasyon an pou ane 2022 an, men ki pasyèl puiske ane a poko fini. Lap tou bay rapo final la 31 desanm 2022 a ki ap tou make dènye jou manda’l kom Sekretè gwoupman an.

Te gen yon deba ouvè lè moun ki prezan yo te aprann ke se selman 160 manm ki peye pandan ke gen plis ke 450 moun sou gwoup la.

Opinyon yo te divèje men nou te konkli pou’n kreye yon mwayen otomatik pou pran kob la direk sou kont moun yo men lè nou konnen ke nou poko gen ekspètiz pou sa, nou konsidere nome kek delege pou kontinye rele e ankouraje manm yo peye pou nou ka avanse pi byen ak pwojè nou yo. Pèman otomatik rete anlè jiskaske nou ka itilize’l pito.

DEBA

Youn nan gwo deba jounen se te otou de nouvo pwojè AGOM pou 2023 a. Plizyè moun te konsidere ke montan an twop e panse ke nou ta dwe envesti pito nan bagay ki rantab. Men lè nou konsidere ke nou se yon regroupman ki pa bati pou fè pwofi, deba yo te kanpe sitou ke tout etap yo te gentan boule soti nan konsepsyon pwojè a, apèl dof la ki gentan gen egzekitan li, eksetera. Nouvo komite a pran desizyon pou yo rekontakte fim ki eli a pou renegosye kou travay teren foutbol dèyè komisarya Gonayiv la.

Nan lot diskisyon jounen an, Asanble a te pran rezolisyon sa yo :

1- Yon kòd disiplinè pou AGOM

2- yon manm nan Komite egzekitif la kap delege pou motive manm AGOM yo

3- yon komite direktwa kap gen ladann 7 manm fondatè pou voye je jeneral sou sa kap pase yo

4-  Komite lokal la kap pase ak 7 manb kounya

PATI 2 (ELEKSYON)

 Eleksyon yo te lanse jan sa te anonse e se Kaptèn CHARLES H. ZAMOR ak RODNEY MERARD ki te chaje pou oganize yo. AGOM te bezwen yon nouvo staf dirijan pou ane 2023 a.

Tout moun ki prezan yo te vote pou, kont oubyen abstansyon. Konsa, nou te rive jwenn komite nou tap chache a e nap prezante yo selon pos yo.

  • RODNEY MERARD

 Kowòdonatè jeneral ak (14 vwa)

  • JN FRITZNER JOSEPH

Kowòdonatè adjwen (31 vwa)

  • CORVINGTON JEAN

Sekretè jeneral (14 vwa)

  • MERCEDAT GUIVAL

Sekretè adjwen (19 vwa)

  • RONALD PIERRE

Trezorye (17 vwa)

  • FARAH LAMERCIE

Trezorye ADJWEN (13 VWA)

  • MARC ANDRE JEAN

Relasyon piblik pòt paròl(16 vwa)

  • EMMANUELLA PIERRE CHARLES

Konseye (16 vwa)

  • RADILF JEAN

Konseye (16 vwa)

  • WENDY LEDIX

Konseye (13 vwa)

  • GUITHO LEDIX

Konseye (10 vwa)

Rankont lan te byen fini sou denyè mo youn nan Konseye nou yo ki se Emmanuela Pierre-Charles. Nou swete bon travay a nouvo komite e konte sou kolaborasyon chak pitit vil Gonayiv poun fè’l rejwenn vizaj li te genyen lontan an. ANSANM NOU KA FÈ ANPIL BAGAY

NOU SE AGO-M