conference room, table, office-768441.jpg

Meeting minutes of June 11, 2021

RAPÒ RANKONT KOMITE EKZEKITIF AGO-M

Jodi vandredi 11 jen an , komite AGO-M te reyini sou 9 manb nou te gen 6 prezan. Rankont sa a te dire 45 minit, nou te kòmanse a  9 vè PM e nou te fini ak 9 vè 45 .

Nou te diskite sou 3 pwen:

– Website AGO-M

– Plan plas Hugues St Pierre ak Xplò gwoup

– 600 zan Gonayiv pou Jiyè 2022.

* Pou website AGO-M nan, Teknisyen kap design sou li a, ap travay e li garanti nou lap respekte delè 2 semèn  nan.

Sa vle di, nan semèn kap vini la a, li ta sipoze pwè.

* Pou Xplò gwoup,  Enjenyè yo ap travay sou plan an , pou pita nou ta sipoze gen pwemye  draft la 18 jen, pou manb yo kòmante e bay ide yo.

* Pou 600 zan Gonayiv,  komite a kòmanse reflechi sou kòman nou ka pote touch AGO-M ladan l.

Nou panse, nou te ka pwofite  evènman sa a, pou n òganize pwemye rankont fizik manb AGO-M.

Pou 600 zan , nou ka òganize

Tounwa foutbòl

Vizit touristik lokal nan seksyon yo ak lye istorik Gonayiv.

Gala e yon fundraising pou Gonayiv ak Disip.

An gwo se tou t sa yo nou te bwase lide nan rankont la. Desizyon nou pran se vi n poze w kesyon sa a. Kòman ou wè pou manb AGO-M ta debake  nan 600 zan Gonayiv la? Nan kap pwemye rankont fizik tou t manb AGO-M ki ap tou pwemye Gala nou. Nap tan n ide tou t mou n , paske nou gen sèlman 11 mwa devan nou, si sa vote pa majorite a.

Mèsi pou lekti ou

West

Kowòdonatè AGO-M