RAPÒ RANKONT KOMITE EKZEKITIF AGO-M
Jodi vandredi 11 jen an , komite AGO-M te reyini sou 9 manb nou te gen 6 prezan. Rankont sa a te dire 45 minit, nou te kòmanse a 9 vè PM e nou te fini ak 9 vè 45 .
Nou te diskite sou 3 pwen:
– Website AGO-M
– Plan plas Hugues St Pierre ak Xplò gwoup
– 600 zan Gonayiv pou Jiyè 2022.
* Pou website AGO-M nan, Teknisyen kap design sou li a, ap travay e li garanti nou lap respekte delè 2 semèn nan.
Sa vle di, nan semèn kap vini la a, li ta sipoze pwè.
* Pou Xplò gwoup, Enjenyè yo ap travay sou plan an , pou pita nou ta sipoze gen pwemye draft la 18 jen, pou manb yo kòmante e bay ide yo.
* Pou 600 zan Gonayiv, komite a kòmanse reflechi sou kòman nou ka pote touch AGO-M ladan l.
Nou panse, nou te ka pwofite evènman sa a, pou n òganize pwemye rankont fizik manb AGO-M.
Pou 600 zan , nou ka òganize
Tounwa foutbòl
Vizit touristik lokal nan seksyon yo ak lye istorik Gonayiv.
Gala e yon fundraising pou Gonayiv ak Disip.
An gwo se tou t sa yo nou te bwase lide nan rankont la. Desizyon nou pran se vi n poze w kesyon sa a. Kòman ou wè pou manb AGO-M ta debake nan 600 zan Gonayiv la? Nan kap pwemye rankont fizik tou t manb AGO-M ki ap tou pwemye Gala nou. Nap tan n ide tou t mou n , paske nou gen sèlman 11 mwa devan nou, si sa vote pa majorite a.
Mèsi pou lekti ou
West
Kowòdonatè AGO-M